🔴KAWÒT LA KWIT: Piblikasyon Wo Konèy tranzisyon (HCT) Haut Conseil de la Trazisyon an ta sipoze pibliye nan “LE MONITEUR” nan mwens ke 48è.-
Pou pi piti 10 asosiyasyon nan sektè prive ayisyen an, nan divèsite li, siyen madi 27 desanm 2022 a dokiman konsansis nasyonal ki tabli Gran Konsèy Tranzisyon an (HCT).
Kidonk, gouvènman Doktè Ariel Henry pral pase lòd pi vit posib pou fè pibliye yon arete Nan LE MONITEUR ki kreyasyon Gran Konsèy Tranzisyon an, ki pral gen pou fè soti ankò arete pou Konsèy Elektoral Pwovizwa ak Tribinal Kasasyon Repiblik la.
Kounye a, li nesesè pou kominote entènasyonal la bay pèp ayisyen an asistans ak yon fòs pou mete dlo nan di en gang yo, e anmenmtan kreye kondisyon pou revizyon konstitisyon an ak òganizasyon eleksyon jeneral nan peyi a.
Dapre sous nou yo, Wo konsey Trazisyon an, Haut Conseil de la Transition (HCT) pran enstale pandan week-end sa menm.
Madan Mirlande H. Manigat pral prezidan konsey sa.
Bravo Premye Minis Ariel Henry, Chèf Egzekitif la, pou akò istorik sa a.
Felisitasyon tou pou plizyè antite politik, sosyete sivil ak sektè biznis prive ki siyen dokiman sa a.
Nou swete siksè 3 pèsonalite Gran Konsèy Tranzisyon an, Pwofesè Mirlande H. Manigat, Reveran Pastè Calixte Fleuridor ak biznisman Laurent St-cyr.