12 pè bòt pou Lapolis Ayiti men 2 milya dola ameriken pou Ikrèn jis azouboutou pou goumen kont envazyon Ris yo.-

Par Blaise Robelto Flanky

Nou la depi plizyè dizèn ane e nou pral rete la pou yon bon bout tan si nou rete nan asistans la. Sa a dwe chanje. Paske efè a menm nan asistans la vize inisye ou nan lojik esklavaj volontè a, ki pouse ou aksepte defèt zòt la kòm pwòp pa nou, resevwa rejè pen nan men zòt la, kòm yon benediksyon epi finalman lè sa ou vin-n depanda totalman de zòt la; ou te pèdi tout sa ou ye kòm moun.

Olye sipò, zòt pito leve lagè ant PNH ak gang yo; Mwen sijere yon solisyon senp kont ensekirite a, yon tab wonn ant lidè ak gang yo. Mete dekote tout opinyon, mwen byen kwè si n’ap chache yon solisyon fasil e senp, ti pèp la ki toujou e ki pral pèdi pi plis ankò depi gang yo tou nan sèvis zòt atravè entèmedyè, gang yo ap travay pou politisyen yo ak sektè prive a, ki jan ou vle pou ta gen lapè?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *