Ayiti ekonomi: Nan 12 jou ankò pral gen rate gaz nan tout peyi a san se pa G9 ni Izo kap bloke’l, pri manje ap tou monte, ministè komès, Ekonomi, Finans pa di kouman yo pral soulaje pèp la.-

Blaise Robelto Flanky

Depi gè a eklate ant Ukraine ak Russie, pri gaz la ap monte echel sou mache entènasyonal la.

Nan Etazini galon gaz monte tèt nèg
1 galon dyezèl van $5.33 dola (551 goud) alòske Ayiti yon galon gaz koute nou 353 goud. Eske leta pral monte gaz nan jou kap vini yo pou li ka toujou kontinye achte oubyen leta ap deside SIBVANSYONE pou konsomatè yo?

Nan peyi nan Afrik yo kòmanse pran gwo desizyon, tankou nan peyi COTE D’IVOIRE, semen sa, leta peyi sa fikse pri 7 pwodwi poto mitan pèp ivoirien ap bezwen pou yo siviv pandan 3 mwa. Sik, spaghetti, tomat, vyan bèf, lwil, diri, lèt.

Fòk peryòd tranzisyon makiye sa fini pou tout enstitisyon nan peyi a kanpe sou 2 pye yo pou sosyete a konnen kiyès pou li adrese lè jan de kriz sa yo rive.

Menm si gen moun ki pa konprann ki fache ak mwen paske mwen mande pou kòd konstitisyonèl retabli nan peyi a pou gato sispann manje nan fè nwa; men map di nou mwen gen fèm konviksyon si peyi a pagen tout enstitisyon etatik yo re-fonksyonèl tònè boulem nap plonje nan trou pi plis. Sa ki rich ap vin-n pi rich, sa ki pòv ap vin-n pi pòv.

Mwen bay PM Ariel Henry jiska madi pou li menm ak tout gouvènman di popilasyon an ki pwodwi pri yo pap chanje sou mache a, fòk se leta ki pou jere pri manje nan tan kriz sa yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *