🔴YO PAP KOLABORASYON AK TOUT PATI NON LIDÈ YO SITE NAN LIS SANKSYON ENTÈNASYONAL YO.-

Groupe de Concertation Politique pour un Compromis Historique (GCPCH)

🔺Nan yon nòt pou enfòme popilasyon an fè konnen: yo sispann tout kolaborasyon ak pati politik nom yo site anba sanksyon entènasyonal yo pou pa gen move entèpretasyon. E yo sispann sa jiskaske lajistis tranche.

🔺Group la angaje ak alye li yo pou rapouswiv chita pale yo sou ijans pou jwen yon konsansis pou ranfòse efikasite gouvènans peyi-a, travay ak kominote ent entènasyonal la pou jwen yon koperasyon militan pou ede fòs légal yo ki nan peyi-a pou rezoud definitivman kesyon ensekirite a epi pote yon repons rapid ak mizè pèp la ap andire.

🔺Group la proze plisyè bagay ki dwe fèt pandan peryòd sa, jis kaske Eleksyon yo rive òganize nan yon kondisyon ki akseptab.

🔺Pou fini: yo envite tout kouch tout kategori moun nan peyi-a, kit nan diaspora pou rejwen mouvman nasyonal sa pou re ou le klas politik la pou peyi a ka konnen yon lavi enstitisyonèl, akademik, yon peyi komèsyal epi mondyal.

Moun ki siyen pou:-Groupe de Concertation Politique pour un Compromis Historique se:

Dr Emmanuel Menard
Député Abel Descollines
JE. Valery Dutreil Jacques

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *